26 mars 2019

SA FÈ TRIS

SA FÈ TRIS

Limanite gen blokis
Sou yon maladi yo fokis
Li pa konn advantis, pankotis
Kit ou te anti-Kris
Depi w se arivis
Ou twò renmen bèl kuis ak jilbriyis
Nan men w ap mouri doub sis

Li pi mal ke sifilis
Li pa pote benefis
Feminis oubyen seksis
Ou te mèt yon atis
Kèlkeswa ou te touris
Kominis, sosyalis oubyen kapitalis
Nan men w ap mouri doub sis

Depi w twò materyalis
Tout jounen se plezi alsiyis
Ou mèt kwè nan Jezi Kris
Priye l lajounen kou lanjelis
Depi w akwo ak sosis
Ou mèt ap viv nan peyi Lasuis
Nan men w ap mouri doub sis


Ourdy DESSOURCES

10-01-2019

LE JUSTICIER RUDY MAINTIENDRA LA FLAMME ALLUMER

Le fiel déversé sur Rudy Thomas SANON, les menaces ouvertes sur sa vie et la perte de ses commanditaires sont autant d'éléments de son t...